Edikasyon gen yon plas konsiderab nan yon sosyete. Se avèk Edikasyon yon sosyete ap rete vivan, se avèk Edikasyon yon sosyete ap montre sa li swete pou jenerasyon kap vini yo, se avèk Edikasyon tou yon sosyete ap enpoze tout sa li konsidere kòm valè moral, entelektyèl, kiltirèl ak politik ak nouvèl jenerasyon yo.

Aristote konfime sa lè li deklare << lespri Timoun yo se tankou yon tablèt vid anyen poko ekri sou li, men ou ka ekri sa ou vle sou li>>. Sa montre kote yon moun grandi jwe yon plas enpòtan nan fòmasyon karaktè li. Edike yon moun se aprann li rezone yon fason pou li ka byen konpòte nan sosyete lap viv la.
Li enpòtan pou mwen fè nou sonje Edike pa vle di menm bagay avèk Enstri. Edike fè apèl ak kè, enstri fè apèl ak lespri. Daprè doktè Escando nan liv ki titre “vers la victoire“.
Si nou byen konprann yon moun ka Enstri li pa Edike, visevèsa. Ou Enstri lè ou ale lekòl ou konn li ak ekri, ou Edike lè ou gen yon ansanm valè moral, kiltirèl ak politik paran ou, sosyete ou ladan an enpozew pou avansman sosyete a. Si ou Edike, ou pap vòlè, ou pap kòwonpi, ou pap kontribye nan detri sosyete ou ye a pou enterè pèsonèl ak enterè etranje, wap onèt, wap yon patriyòt e wap respèkte Lwa ki reji lavi sosyete a. Pou mwen site sa yo sèlman.
Marcus Garvey Mosiah deklare : << edikasyon se mwayen yon pèp itilize pou prepare pwòp sivilizasyon li e glwa ras li >>.

Ou pa ta renmen kontribye nan Edikasyon pèp ayisyen an pou yon lòt ayiti nan 25 kan ?

Santiman patriyotik se prèv ki montre ou edike epi ou renmen peyiw. Edikasyon se youn nan pi bon mwayen pou yon pèp kapab pwogrese ekinomikman, kiltirèlman, politikman tou.

Se Zanmiw, Sèvitèw Me Gérard NOËL, Av. Prezidan ACPEC.

Article précédentHaïti insécurité :Le Mouvement Point Final exige encore une fois, un Protocole de Paix entre les Bandes armées et les Forces de l’ordre en Haïti pour fermer le robinet de sang.
Article suivantDemande Visa pour une formation pour le Canada
Sure-Info est un media en ligne qui traite les informations de la société Haïtienne et à l'extérieur.

LAISSER UN COMMENTAIRE

S'il vous plaît entrez votre commentaire!
S'il vous plaît entrez votre nom ici