02 me 2024

AYITI-OKAY (Sure-Infos) Nan Yon Gwo rankont yo òganize jounen Jodi 2 me 2024 la,Responsab pati politik Pitit desalin ki regwoupe yo nan vil okay te travay sou ranfòseman pati politik la nan komin nan , Yon rankont ki te reyini plizye dizèn de Moun ki sòti nan diferant andwa nan komin okay nan objektif pou Eli Yon Nouvo Kòdonotè , Vis-Kòdonatè, sekretè ak pòt pawòl.

Selon Yon manb konbit okay la, yo òganize eleksyon Sila PoU ranplase manb sa yo se pa rapò ak ansyen KÒDONATÈ yo a Fanfan ki te pèdi lavi l apre plizye mwa malad, yo gen sekretè yo a ki Al viv nan Yon lòt Depatman Yon lòt bò yo te gen Yon konseye ki te Al nan peyi San chapo e Yon manb nan komite a ki Al fè Yon metriz nan peyi etranje li oblije Kite poz Li a pou li al ranfòse Kapasite l pou l kontinye vin travay o pwofi popilasyon ayisyèn nan, dapre yo eleksyon Sila son eleksyon ki fèt nan tout nòm demokratik pou rann pati a pi fò nan komin okay

Nan pale nou te genyen ak Nouvo KÒDONATÈ a LIZAIRE Davidson Li fè nou konn  » Pati politik pitit desalin se pa pati politik kote moun ap diw rale kòw bal chita nan Plas ou se pito Yon pati kote moun nan ap diw avanse pou l chita », Li ale pi lwen pou l di « Eleksyon sa ki fèt pou Eli l kòm Kòdonatè ki pral genyen pou l travay an pafèt kolaborasyon avèk tout rès ekip konbit la, kòdinasyon depatmantal la ak tout rès komite Kominal yo se Yon sinyal aklè pou montre ak tout patizan, senpatizan, zanmi pitit desalin yo inite se pigwo Zam yo ka kiltive pou ede pati a rive Jiskobou manda sa son manda pou tout manb , senpatizan ak patizan pitit desalin Li ouvri bwa l byen laj pou l pale, diskite ak tout moun ki fè pati ekip la e kamarad ki vle retwouve ekip la ».Nap soulinye pou ou LIZAIRE Davidson te jwe wòl pòt pawòl lè ansyen Kòdonatè a te nan tèt konbit la jounen jodia manb yo elil nan tèt estrikti Kominal la.

Nap sinyale pou ou eleksyon Sila te fèt anprezans plizye gwo Kad nan Kòdinasyon depatmantal la ki te rete net kòm obsèvatè nan gwo egzesis sila, nan entèvansyon responsab yo sou prezans pati politik pitit desalin andan CPT a yo fè konn pozisyon yo andan konsèy prezidansyèl la se kòm avangadis e moun ki pral peze levye a pou Pèp la ka benefisye de depasman deswa sa ki fèt nan klas politik la , pitit desalin pa la pou l souse ti ma men l la kòm pati sosyalis pou l veye pou ti ma ale pou pèp ayisyen an.

Pandan yo pwofite voye Yon sinyal klè bay konsèy prezidansyèl tranzisyon an pou mande yo Souke kò Rapid vit pou monte gouvènman pou yo komanse atake gwo defi popilasyon an kap tann yo tankou pwoblèm ensekirite, lavi chè, dola kap monte 17wotè pliske pèp ayisyen paka rete nan soufrans atwòs sa ankò.
Yon jounen ki te fini ak anpil kè kontan bò kote patizan, senpatizan ak manb komite konbit Kominal okay la ki anonse yo pral travay San relach pou rann pati politik yo a pi fò de jou an jou.

Article précédentQuand Montana et Fanmi Lavalas se comportent comme la famille des crabes au grand mépris à la situation de merde de la population haïtienne.
Article suivantMauvaise nouvelle pour le Bayern Guerreiro forfait contre le Real Madrid

LAISSER UN COMMENTAIRE

S'il vous plaît entrez votre commentaire!
S'il vous plaît entrez votre nom ici