Ekri pa: Redaksyon Jounal SURE-INFOS

Mekredi 01 me 2024

Ayiti-Okay (Sure-infos), Selon Yon nòt Agwonòm CLAUDENER Dorcelian fè Sòti nan non POSCAS ki se Yon platfòm ki regwoupe ansanm òganizasyon sosyete sivil nan vil okay pou fòse LETA entegre jèn yo nan vi ekonomik ak sosyal peyia pandan yap jwe wòl avangadis nan ansanm aksyon gouvènman ap poze nan peyia patikilyèman depatman Sid la, Dapre Agwonòm nan premye Me a se yon jou ki enpotan pou chak ayisyen espesyalman chak agwonom chak peyizan ki ap evolye swa de lwen ou de prè nan sektè sila

Jounen 1 me 2024 la ta dwe yon jounen de refleksyon de deba pou sektè agrikol la sou tout teritwa Nasyonal la sepandan POSCAS konstate tradisyon yo vin ale,pa gen anpil Moun ki enplike yo nan pwosesis agrikòl la tankou Preparasyon sòl, plantasyon, komesyalizasyon elatriye.Pou yo se Yon absid pou Yon sektè konsa ki bay anviwon (66%) Moun nan seksyon kominal yo travay ki evalye ak 1 Milyon eksplwatasyon agrikòl, sann PAP bliye rechèch yo anonse nan mwa mas ki sot pase a 4.9 Milyon ayisyen pral tonbe nan grangou si anyen pa fèt, Tèt mòn yo fin degrade, polisyon plastik,akwatik elatriye ap vale teren de jou an jou ,pa rapò ak Ansanm defi sa yo POSCAS Di entegrasyon jèn yo nan sektè agrikol la ka ka ede nou detounen malè pandyè sa yo.

Yo kontinye pou Di « POSCAS remake pa gen okenn sousi pou sektè agrikol la devlope vre nan peyi a , POSCAS vle raple nou chak Agrikilti , pwoseyonèl agrikòl, machann Sara, transpòte elatriye nou se motè devlopman peyi a malgre van e mare fòk nou resiste paske Ayiti pap peri toutotan nou egziste pandan yo anonse « POSCAS ap travay chak jou plis pou yo genyen yon seri de konferans ak deba sou sa agrikilti reprezante pou nou e kisa enplikasyon jèn yo nan devlopman gwo sektè sa pral pote pou peyia, Selon Agwonòm CLAUDENER POSCAS rete fèm Sousa pa ka gen devlopman san jèn yo pa enplike.

Article précédentHaiti Insécurité et Éducation :Le Mouvement Point Final propose un Plan pour sauver l’année académique 2023-2024 dans la Région Métropolitaine de Port-au-Prince et dans le département de l’Artibonite.
Article suivantFête de l’ agriculture :3ème Édition du Mouvement reboisement à Bagadère Mercery de Léogâne, une journée éco touristique

1 COMMENTAIRE

LAISSER UN COMMENTAIRE

S'il vous plaît entrez votre commentaire!
S'il vous plaît entrez votre nom ici