Ayiti-Sit touristik

Basen Manbo se yon Nouvo sit touristik yo dekouvri nan komin Limonad patikilyèman nan seksyon kominal Bwadelans, Azor Maquelin ki se Yon jounalis t’al rann yon vizit nan espas la.

Selon enfomasyon nou rekeyi,Espas sa pa twouvel twò lwen Sentizidò kise limit komin Sent Sizàn kise Yon lòt sit istorik e Akewolojik . Selon sa listwa rapòte n Tayinos yo kise premye abitan ki tap viv sou bout tè a, te konn fè seremoni ofrann flè, fwi ak anpil lot pwodwi ankò ke yo te konn rekòlte nan sousi pou yo di mèsi ak kèk abitan kite nan mitoloji ak kwayans yo.

Basen Manbo li Pat yon lyen endyen , Tayinos yo te konn fè rit finerè ( sèvis lanmò) ladan l paske pat genyen prezans (Petrolgyphe ) sou wòch yo sètado wòch pa tanpe.

Plis genyen wòch ki genyen fòm sila yo itilize yo pou fè rityèl ou byen pou yo te manje, rezon ki fè yo vin konsiderel kòm Yon sit touristik se paske li yon Istwa ak yon kouvèti vejetal ki vrèman enteresan, anpil Moun sitou ayisyen pè vizitel akoz gwo vibrasyon mistik ki nan espas la.

Selon anpil moun ki konnen nan domèn mistik ak istorik pami yo jounalis Azor Maquelin fè nou konnen Basen Manbo te konn genyen rityèl Tayino ki te konn fè egrego pote mistik sa yo toujou egziste nan espas.

Article précédentUn mauvais week-end pour le FC Telavi avec Jonel Desire.
Article suivantYon nouvo polisye tonbe anba bal nan zòn Gérald Bataille
President de sure-info.com et rédacteur en chef .

LAISSER UN COMMENTAIRE

S'il vous plaît entrez votre commentaire!
S'il vous plaît entrez votre nom ici