Pòtopwens-Ayiti__Sure-info)
Jodi Lendi 11 desanm 2023, nan Yon nòt Depatman deta Ameriken fè sòti yo anonse yo Sanksyone 3 Ansyen Fonksyonè pami yo Max Bellerive Ansyen Premye minis, Hervé R.Foucan Ansyen Senatè Depatman sid ak Nenel Cassy epatman deta Ameriken sanksyone 3 ansyen fonksyonè Leta Ayisyen ak kèk fanmi yo

Nan yon kominike yo sòti jodi lendi 11 desanm 2023 a, depatman deta Ameriken anonse yo sanksyone ansyen premye minis Jean Max Bellerive ak ansyen senatè Nenel Cassy Ansyen Senatè Depatman Nip ak plizye manm nan fanmi yo pou enplikasyon yo nan koripsyon selon responsab Ameriken yo.

Lan nòt Sila Depatman deta Ameriken signale yo pran sanksyon sa kont ansyen premye Minis J.Max Bellerive pou enfliyans Li te itilize ak pòs Li te okipe pou l fe koripsyon nan Leta, nap raplew nan nòt sa otorite Deta Ameriken yo Sanksyone Madam
Myriam Estevez Bellerive ak 2 pitit fi li yo Diana Jennifer epi Jessica Bellerive.

Se nan menm lojik sa Depatman ameriken pran sanksyon kont madanm Ansyen senatè e pitit li, nan nòt la responsab yo pale konsa « Nou deside di site non J.MaxBellerive, Nenel Cassy ak H.Fourcand pou tout moun konnen e nou fè sa menm jan atik 7031(c) la di l. Moun sa Yo te itilize pozisyon piblik yo pou te patisipe nan divès aktivite ki pa bon pou gouvènman Ayisyen an“, se sa yo avanse kòm jistifikasyon ki abiye nòt sa.

Nap raplew Nòt sa vini tou swit aprè Yon nòt Trezò Ameriken te mete deyò pou sanksyon 4 gwo gang nan peyia 8 desanm 2023 ki sot pase an.Ayiti ak konnen plizye moman difisil swa nan ensekirite, koripsyon pandan Jistis peyia rete bwa kwaze ak obsève plizye peyi Zanmi ak pran sanksyon kont Ansyen Fonksyonè Leta e chef Gang nan peyia.

Article précédentRevivez en image le match Colombie vs Venezuela
Article suivantColombie vs Venezuela : le “Cafetero” s’impose sur le sol DRV PNK Stadium

LAISSER UN COMMENTAIRE

S'il vous plaît entrez votre commentaire!
S'il vous plaît entrez votre nom ici