Senmak | ULCC | CRLDI |Koripsyon

Plizyè òganizasyon nan rejyon Latibonit la depoze yon plent nan biwo « Inite kap batay kont Koripsyon (ULCC) » kont divès responsab « Sant kap resevwa e bay dokiman (CRLDI) » nan Senmak jou kite 21 jen 2023.

Selon sa ki ekri nan plent sila, reprezantan òganizasyon sa yo reproche anplwaye Leta sa yo kòm group moun ki ta fè plizyè paspò ak fo Tenb, kap mande gro lajan pou fè paspò, ki ògmante frè dosye yo dèyè do prensip administratif yo e rive fè kontribyab yo peye jiska 5000 goud pou yon « fòmilè demand paspò. »

Nan sans sa, OCENH, KONDA, USCTAH ak SSCTNH mande ULCC poul mennen ankèt sou Washny BIEN-AIMÉ, Castel ESTILUS, Wilguens (Taïbi), Nervio, Dieunel ak Wesnel Julien paske, selon òganizasyon sa yo, mesye sa yo komèt plizyè zak ki lye ak koripsyon e malvèsasyon.

Nap soulinye plizyè vwa nan kominote Senmak la abitye denonse fonktyonman biwo sila, ke jeneralman yo rele « imigrasyon », pou move tretman kontribyab yo ap resevwa nan men responsab sant sa, kote yo rive menm bourade

Article précédentGwo pwòblèm pou moun  » Pyèsis , Divivye ak Fontèn » ap viv yon moma difisil
Article suivantL’ULCC ordonne l’action publique contre des anciens parlementaires et fonctionnaires de l’État suite à un rapport partiel du CNE transmis par le pouvoir judiciaire ,ce mercredi 15 novembre 2023.
Sure-Info est un media en ligne qui traite les informations de la société Haïtienne et à l'extérieur.

LAISSER UN COMMENTAIRE

S'il vous plaît entrez votre commentaire!
S'il vous plaît entrez votre nom ici