06-11-2023
Senlwi,Ayiti___(Sure-info)
Depi 03 novanm 2023 popilasyon an nan komin Senlwi di sid te komanse Yon mouvman bloke Wout Nasyonal #2 a apre otorite yo nan lakou Paup kanpe debakman Yon bato siman ki sòti nan Lakou Kolonbi pou vin pote machandiz nan gran Sid peyia.

Responsab komite « Cellule de réflexion pour exiger l’ouverture réelle du port Saint Louis du sud » yo enfome nou onivo otorite depatman sid ki nan DWAN,APN,SEMANAH, BLTS elatriye fè tout enspeksyon nesesè pou valide debakman Bato siman sepandan onivo otorite nan lakou Paup yo diskou yo diferan ki rann popilasyon Sid la patikilyèman Komin Senlwi bloke Wout Nasyonal #2 depi Jedi 03 novanm 2023 a pou egzije LETA bay otorizasyon pou Bato a debake.

Selon anpil manifestan nan Depatman yo PAP kanpe mouvman kontestasyon yo si Leta pa bay aksè pou siman yo debake, paske Pò a se Yon megapwojè ki gen pliske 26 lane depi popilasyon Sid la te Vann Bèt,tè,Jaden yo pou envesti kòm aksyonè ladan,yo pran anpil pasyans jodia yo deside pran desten yo anmen non selman pou pò a operasyonèl paske yo bouke viktim kòm konsomatè final ki Toujou viktim de Matizan ki reprezante Yon obstak pou komèsan nan sid yo.

Nap raple, Jou ki te 17 oktòb 2023 « Cellule réflexion pour exiger l’ouverture réelle du port Saint Louis du sud » la te oganize Yon manifestasyon ki te reyini plizye milye de moun pou atire atansyon otorite etatik yo sou sitiyasyon pò Senlwi a , pami revandikasyon yo yo tap mande ouvri pò a,asfalte 9km wout ki relye pò a ak wout Nasyonal la, enstale enplwaye (APN,DWAN….) nan senlwi di sid pou rann pò a operasyonèl.

Jeferson BAZILE, Sure-info.

Article précédentFC Dijon a battu FC Versailles à domicile
Article suivantPlizyè inite nan lapolis la al pote ranfò ak BSAP sou kanal la apre kèk èd tan sòlda dominiken yo te deplwaye sou tèritwa ayisyen an.

LAISSER UN COMMENTAIRE

S'il vous plaît entrez votre commentaire!
S'il vous plaît entrez votre nom ici