Kisak dwe fèt?

Lèn kondire pa gen sante San yon bon anviwònman sen.
Lèn konsidere Gonayiv se yon vil ki trè vilnerab nan sezon siklòn e yon anviwònman enpwòp koz genyen Anpil dega nan moman siklòn yo.

Nou propoze ak tout òganizasyon,tout lidè kominote, tout antreprenè nan komin nan , pou nou rive konbat inondasyon kap fini ak vil nou an swa lè lapli ap tonbe oubyen nan moman siklòn.

Nou konnen gen Anpil lajan kap gaspiye nan vil la poun pa di nan peyia, gen Anpil resous kap gaspiye nan site endepandans lan.

*Ak sipò popilasyon Gonayivyèn nan, lap enpòtan pou nou fè konstwi yon seri de gwo gwo poubèl,yon seri poubèl jeyan epi plase poubèl sa yo nan chak zòn ak katye pou popilasyon an depoze tout fatra yo genyen. Pandan nap fè yon kanpay sansibilizasyon poun esplike e fè popilasyon an konprann enpòtans travay sa a nan ide pou yo pote kole poun ka reyalize projè sa a. Mesaj sansibilizasyon sa yo dwe pase nan( inivèsite yo, nan lekòl yo, nan katye popilè yo).*

Se poun gen yon plan ibanizasyon, kote nap anpeche epi esplike popilasyon an rezon pou yo sispann konstwi nan plèn Gonayiv ki fin konstwi ak kay dal beton, sispann bati nan tèt mòn byennak, tèt mòn blan elatriye… Pandan nap ajoute kanpay rebwazman tout komin nan.

*NB:Gonayiv menm jan ak tout peyi Dayiti toujou e ap toujou viv anba mennas gwo siklòn chak sezon siklòn se sèlman yon bon respè ak bon proteksyon anviwònman kap pèmèt nou viv sou bout zile a avèk mwens risk posib.*

Popilasyon an dwe kanpe avèk nou , pou projè sa a reyalize anndan site endepandans lan.

*Pa gen peyi San yon anviwònman pwòp, pa gen lavi San lasante.*

Me Jobed JEANNITE,av.-

Article précédentYon gwo dife eklate nan mache 2000 ki sitiye Delma 29
Article suivantPour la deuxième journée du dialogue-InterHaitien: Ariel Henry est resté à la rencontre sous pression de la communauté Internationale notamment des USA.
Sure-Info est un media en ligne qui traite les informations de la société Haïtienne et à l'extérieur.

LAISSER UN COMMENTAIRE

S'il vous plaît entrez votre commentaire!
S'il vous plaît entrez votre nom ici