NÒT POU LAPRÈS.

FANM VANYAN KAP LITE POU SOVE SOUVRÈNTE AYITI

Yon gro kout chapo pou laprès pale, ekri, televize, epi an liy.
Nou FANM VANYAN salye  konviksyon  tout popilasyon ayisyèn nan epi felisite yo pou konpreyansyon yo sou zafè fen manda Jovenel Moïse la daprè atik 134.2 a,epi atik 239 nan dekrè lwa elektoral la.nap kontinye pou nou felisite tout fòs viv nasyonal la tankou :SOSYETE SIVIL YO,PATI POLITIK YO,SEKTÈ RELIJYE A,ÒGANIZASYON DE BAZ YO,CSPJ ki fikse pozisyon sou fen manda enkilpe Jovenel Moïse la ak divès gran  pèsonaj ekzanp LILIANE PIERRE PAUL  kòm Yon ikon nan sosyete a pou nou site sa yo sèlman, pandan nap pwofite mande ti rès Sena ki gen nan tèt li senatè Joseph Lambert pou fikse  pozisyonl nan Yon dèle 24è si li pa vle popilasyon an kontinye  pranl pou konplis nan tout zak enkilpe a ap kontinye fè sou popilasyon an.
Nou FANM VANYAN  salye efò tout kamarad nou yo ki retrouve yo nan dyaspora kap fè Yon travay enpekab nan batay la,kote yo enplike yo sou tou fòm nan batay la.ke nan strateji,ke nan demach diplomatik yo pou nou di sa yo sèlman,men tou yo  fikse pozisyon yo sou fen manda enkilpe  Jovnel Moise la.
NB:batay yo a tèlman enpòtan nou ka konstate yè aprè midi kongrè ameriken an  fikse pozisyon l se pa pou bon plezi,ni pa yon senp enkyetid men se fri travay dyaspora a ak divès lòt aktè nan vi nasyonal la.
FANM VANYAN ap profite moman pou denonse tout fòm represyon enkilpe a ap  fè sou popilasyon an ni sou pèsonaj  ki nan bwat jidisyè a, ni sou polisye ki pa dakò antre nan konfyolo ak Jovenel  pou mete kanpe diktati nan peyi a.
FANM VANYAN KAP LITE POU SOVE SOUVRÈNTE AYITI
Di w ansyen prezidan peyi a Jovenel Moïse ou  pa gen lejitimite prezidansyèl nan peyi a ankò daprè atik 134.1,134.2 jiska 134.3 epi atik 239 lwa elektoral 2015 lan. définitivman manda w fini Jodi 7 Fevriye 2021 yan kòm prezidan;ki donk ou se Yon senp sitwayen men ki pa menm  jan ak lòt sitwayen onèt yo paske ou sipoze mete w diponib pou w al devan lajistis pou tout deriv ou fè nan peyi a.
Dezòmè FANM VANYAN  pa rekonèt ou kòm prezidan peyi a ankò nap konseye w pou w pa fè tèt di paske pèp sa se yon pèp ki souvren, endepandan li pa depan  de pèsòn,li depan de pèp la.
Nap fini pou nou di AK rejim PHTK AK tout  ti politisyen tradisyonèl ki nan konfyolo pou kenbe Jovenel nan peyi a  je pèp la kale,yo  grandi,yo gen bon konprann yo pap pran blòf nan men okenn grenn senk nan batay pèp la.
Antouka FANM VANYAN di w si w se sa di w se sa,si w pa sa ranje kò w bay pèp la pase paske nan sa pèp la ye la kenpòt grenn senk,ouvriye politik  ki kanpe devan l tren popilè a  ap pase pran yo ak tout enkilpe Jovnel Moise la.
Manb ki siyen nòt pou laprès sa se:
Jules Manoucheka
kòdonatris jeneral
Félix Francia
Sekretè adjwent
Sheila Pélicier
Pòt pawòl jeneral.
Article précédentHAITI : UN COUP D’ETAT SPECTACULAIREMENT DEJOUE PAR LES SERVICES DE RENSEIGNEMENTS ET DE SECURITE
Article suivantVague d’arrestations à Tabarre pour complot contre la sureté intérieure de l’Etat
Sure-Info est un media en ligne qui traite les informations de la société Haïtienne et à l'extérieur.

LAISSER UN COMMENTAIRE

S'il vous plaît entrez votre commentaire!
S'il vous plaît entrez votre nom ici