Getting your Trinity Audio player ready...

Sel yon revolisyon posib pou retire peyi a nan sitiyasyon difisil li ye a selon ansyen senatè Guy Philippe.

Madi 2 janvye 2024 la ,plizyè santèn (100 tèn) moun nan popilasyon an te ale resevwa ansyen sènatè Guy Philippe nan kanal la. Kote li remèsye tout moun an jeneral ki kontribiye pou reyalize kanal la, pou montre ayiti se yon peyi ki granmoun lakay li.Lidè Grandans la fè konnen li pa vini nan wanament pou l vin pale mal pèsòn , men pou mande tout moun kelke swa apatenans politik yo , pou mete tèt ansanm pou peyi a libere.Yon fason pou tout timoun ka ale lekòl, pou tout moun jwenn manje pou yo manje , pou tout moun ka ale kote yo vle anndan peyi a.Daprè li se anbasad Amerikèn ki kenbe PM Ariel nan pouvwa a.Li mande Minis Ariel pou l demisyone si l pa vle pou revolisyon an fèt paske pèp la bouke li pa kabap ankò.

Oscar Innocent

Article précédentL’année 2024 nous rappelle le 220ème anniversaire de l’indépendance d’Haïti, la Première République nègre indépendante du monde.
Article suivantPakè fòlibète sòti yon nòt jounen Jodi a nan kad lit kont detansyon pwevantiv pwolonje, pran dispozisyon pou jije moun ki gen dosye an soufrans ki merite jije ak dilijans e pwidans
Sure-Info est un media en ligne qui traite les informations de la société Haïtienne et à l'extérieur.

LAISSER UN COMMENTAIRE

S'il vous plaît entrez votre commentaire!
S'il vous plaît entrez votre nom ici