Li fè egzakteman onzè nan maten , la nou nan komin Petyonvil , Fèy bwa nan men pankat ki chaje ak slogan tankou Binu kite peyi a mache, nou mande bank yo lajan transfè yo an dola, se se konsa divès manifestan ki nan diferant structure politk te antoure yon flanm dife ki chaje ak sèl pou te pou demare jounen manifestasyon sa jounen madi 7 septanm lan kont lavi chè ensekirite tout kalite ak rate gaz la sou mache lokal la.


Aprè de tou onpwen an manifestan yo te fè nan komin lan , lapolis ta pral tante kraze mouvman sa aprè yo te tire anlè, yon objectif ki pat atenn.
Egzakteman midi ,sou tout rout yo barikad drese, karotchou ap boule,bò simetyè a toujou nan komin petyonvil fòs lòd yo te motive on ne peu plus pou te kraze Mach la yon lòt fwa ankò nad marinad, kèk minit aprè nou ta pral desann sou otorout dèlma kote yon group militan ki te kòmanse ak menm mouvman sa kafou ayopò te vin fè yon sèl ak sila yo ki te deja dèlma 105 se la motivasyon yo ta pral ogmante, la menm lapolis tonbe pete bal malgre se te yon mouvman pasifik ki tap fèt, se la kèk moun ta pral viktim anba bal pami yo jounalis Youly Destiné kap travay pou Radyo Télé zénith. rive nan ti gregwa , sitiyasyon an ta pral pi konplike akoz gaz lakrimojèn kotouch tout kalite ajan lòd yo tap pete se la atò kòlè popilasyon an ta pral kòmanse soulve.
Aprè yo te rebouse chimen manifestan yo te desann sou wout panamerikèn lan,pou tal rann yo muso pou te délivre yon premye mesaj devan résidans ofisyèl premye minis peyi a Aryel Enry, men sa ki pat arive fèt akoz manifestan yo ki te tap tire wòch sou lapolis ki ta pral resevwa kou, nan moman polisye yo ki te move kou kong ta pral tire anpil gaz lakrimojèn pou kraze mouvman sa ,ankò yon lòt fwa rèv lapolis tonbe alo.
Nou kontinye sou rout boudon an kote te gen anpil machin polisye ki te swadizan di ap sekire Mach la pami yo bakòp polis simo sa yo ki imatrikile 1-00191 , 1-00907 Ki ta pral aji avèk anpil britalite pandan yo tap tire anpil gaz lakrimojèn, bal karotchou kou reyè kote yon lòt fwa divès sitwayen blese pami yo jounalis Yvenson Jwenvil kap travay pou RTZ ki resevwa yon bal nan kwis epi yon lòt mouri sou plas nan zòn ministè planifikasyon ak koperazyon ekstèn e se la tou Pierre kilik semelus ta pral jwenn arestasyonl , men tou swi ki ta pral jwenn liberasyonl.
Nou met tèt sou wout lalu a, kote menm bavure policière yo ta pral kontinye
Kote pèsòn pat epanye, menm moun lakay yo viktim de gaz la , se la foul la ta pral oblije dispèse epi manifestan yo ta pral met yon fen ak mouvman sa .

Yves Moïse Ducce

Article précédentDéclaration Robert Lewandowski après le match
Article suivantLes banques commerciales et les Cambistes sont-ils au manœuvre dans un premier temps pour retarder et ensuite empêcher la mise en application de la circulaire 114-3 de la BRH?
Sure-Info est un media en ligne qui traite les informations de la société Haïtienne et à l'extérieur.

LAISSER UN COMMENTAIRE

S'il vous plaît entrez votre commentaire!
S'il vous plaît entrez votre nom ici