Ayiti\Politik:Lendi 29 desanm 2025 lan Mouvman pou rekonsilyasyon AK rekonstriksyon nasyonal (MORN) nan tèt kole AK patenè li yo nan akò 40 lan anonse yo mete bout nan manda CPT ak gouvènman Alix Didier Fils-Aimé a nan tèt peyi Jean Jacques Dessalines nan.



Ekri pa: Jeferson BAZILE

Nan Yon gwo rasanblan ki te reyalize nan komin Petyonvil (ti senpyè) nan Kapital peyia a yè lendi 29 Desanm 2025 lan Responsab Mouvman pou rekonsilyasyon AK rekonstriksyon nasyonal pat met dlo nan bouch yo devan plizye milye de Moun pou anonse gouvènman ki gen nan tèt li ALIX Didier Fils-Aimé a rive nan bout yo, selon inisyatè mouvman yo gouvènman plis 9 tèt nan CPT a ap jere zafè kouran selman.

Ekip MORN nan AP plede pou Yon ekzekitif bisefal kap genyen Yon Prezidan AK Yon premye minis tou nèf pou reponn AK bezwen popilasyon an ki lage de bwa pantye devan chomaj, ensekirite yo ale pi lwen pou anonse divòs nouvo tranzisyon sa Ak 40 denye ane piyaj, koripsyon, pelerinaj ayisyen yo nan lot peyi AK dezòd administratif kap fèt chak jou nan Leta pandan Yon lòt bò Kòdanatè nasyonal MORN nan Me Jonas Legère anonse yo pral pran pouvwa nan dat 7 fevriye 2026 la kote yo deja antann yo sou plizye refòm nan Leta, aji sou pwoblèm gang yo e redwi 400pati politik yo an 5 grand tandans politik pou mennen peyia nan eleksyon avan yo kite pouvwa.

Pou rive a objektif sila yo, MORN ak patenè l yo pran angajman devan Pep ayisyen an sou baz entegrite,onètete pou pran pouvwa 7 fevriye 2026 kap vini la, yo kwè se sel mwayen pou yo kapab transfòme Leta e Mete li o sèvis tout kouch andan sosyete a. Malgre Bon dewoulman rasanbleman Sila san okenn ensidan, responsab polis nan Petyonvil pat rete bwa kwaze pou te mete bout AK Rasanbleman Yon aksyon ki te kite gou anmè nan bouch inisyatè yo.