Getting your Trinity Audio player ready...

Depi kòmansman mwa jen 2024 la, atis WENS Jonathan Désir AKA Méchans-T disparèt apre yon vwayaj li te fè nan peyi Bahamas, selon plizyè enfòmasyon, atis la t al jwe yon pwogram nan peyi sila jiska prezan fanmi l pa gen okenn nouvèl de li.

Nan objektif pou chache konnen plis nan dosye vwayaj ki te pale pou peyi ETAZINI an HALY EMILYEN ki gen 39 lane sou tèt li jwenn arestasyon l nan dat ki te 6 septanb 2024 la. Pou kounya HALY fèmen nan prizon BROWARD nan Eta Floride peyi Etazini.

Èske dosye Méchans-T a se yon siy ki pwouve depi w viktim ou viktim nèt?

Eske atis la toujou vivan , kibò atis la ye? Poukisa pa gen yon batay medyatik ki fèt pa atis yo, pwomotè ak animatè yo pou atire plis fokis sou dosye a?

Èske arestasyon HALY ap ede limyè fèt sou disparisyon atis la?

Ann konstwi yon HMI ki estriktire k ap defann atis, animatè, pwomotè… Ann pa kite dosye Méchans-T an pase inapèsi.

Article précédentHaïti/ Drame : Mika, une voix qui crie justice
Article suivantL’insécurité en Haïti : l’élite intellectuelle décimée par la violence des gangs

LAISSER UN COMMENTAIRE

S'il vous plaît entrez votre commentaire!
S'il vous plaît entrez votre nom ici