Getting your Trinity Audio player ready...

Depi lontan te gen yon bagay ki tap domine mond.
Jiskaske nou te ka rele l fenomén. Li te pase nan plizyé peyi ou ta di sete yon maladi .
Men sak pi bel se paske tout gwo syantis chèche yon solisyon.
Kom Ayiti se yon peyi spesyal li paka viv ( san po) sa vle di san politik menm fason nou manje kounya se politik.
Zafé kidnapin antre an Ayiti li politize . te gen yon epôk li tap taye banda . erezman soléy la te leve lawouze te sispann.
Depi dénye tan sa yo Ayiti gen pwoblém ak lét «  » (K » ») eske se konnen nou pa vle konnen?
Nan tout bwat leta.yo di se koripsyon, yon tan nou te pran kowona.
Sa pa sispann ,yo fé jenés pale de kréy.
Men poukisa se Ayiti?
Lé nou soti nan lok yo mande kraze. Men kidnapin nan kontinye taye banda, ou ta di se moun sou laté kap goumen ak ekstraterés

Jenés la sispann gade li di l’AP fé grév premye (1) ak de(2) fevriye lakou Ayiti se te tankou féy limena kap konpoze filozofi
Saki pi tris nan sa jenés la di grèv leve nan menm jou a ou tande kidnapin.
Men eske Ayiti paka kase fel ?! Kesyon sa pa gen répons.
Poukisa se pitit malere ki toujou viktim ?
Koman fé laprés divize pou zafé kidnapin ?
Ki wol leta? Ki misyon opozisyon?
Ayiti kidnapin kiyes ki koupab ?
Chak jou dlo voye kiyes ki mouye ?
Monché leta , maché opozisyon jenés la ap di nou
Chat konnen rat konnen.
Nou kreye afé nou, nou kidnape politik peyi a tankou fanm ak nonm kap goumen nan yon sél chanm.
Jenés la preske pédi espwa .
Ou di se li.. Li di se ou..
Poutan nou tou se bef pou wa savann wa.
Nou poko fin souse , rich oubyen?
Ki kote kidnapin sôti ? Kiyes ki vin avel?
Tout kesyon sa yo se zafé chen ak chat .
Nou pran Ayiti tankou poul nap plimen .
Nou kreye yon dat(7) pou bouche je pep la.
Nap kidnape pitit pep la.
Ayiti kidnapin. Kidnapin an Ayiti se zafé politik
Chat la konnen rat la konnen barik la ap toujou rete k.

Ekri pa Jean junior Bellevue

Article précédentBallon d’or : liste des 30 sélectionnés
Article suivantHaïti/ Drame : Mika, une voix qui crie justice

LAISSER UN COMMENTAIRE

S'il vous plaît entrez votre commentaire!
S'il vous plaît entrez votre nom ici