Getting your Trinity Audio player ready...

5 prizonye fè vwal pou peyi san chapo nan prizon sivil Tigwav la.

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

Sure-info 08-07-2023

Dapre enfòmasyon jij Valenbrun Jasmin bay ak sure-info 5 prizonye pèdi lavi yo soti mèkredi 31 me a pou rive ayè mèkredi 7 Jen 2023 a. Prizonye sa yo mouri se koz grangou ak lòt maladi ki monte sou yo pil sou pil.

Pami prizonye yo Jean-Baptiste kise Moun Leyogàn li gen 35 lane fè vwal pou peyi san chapo. Jij depè sipleyan komin Tigwav lan Valenbrun Jasmin te fè konsta legal kadav yo, li fè konnen 5 prizonye sa yo Pat janm pase devan jij natirèl yo.

Nap raple depi mwa oktòb 2022 pou rive mwa jen 2023 genyn plis pase yon dizèn prizonye ki pèdi lavi yo.

Kredi foto Bon nouvèl la
Article précédentAyiti : Bandi yo kontinye ap konte kadav nan kan yo
Article suivantKevin Durant envoie un message à Lionel Messi après avoir signé avec l’Inter Miami
President de sure-info.com et rédacteur en chef .

LAISSER UN COMMENTAIRE

S'il vous plaît entrez votre commentaire!
S'il vous plaît entrez votre nom ici