Getting your Trinity Audio player ready...

Ayiti / Move tan: Pwoteksyon Sivil fè yon evalyasyon pwovizwa

Direktè Pwoteksyon Sivil la, Jerry Chandler, fè yon evalyasyon pwovizwa sou viktim yo anrejistre pandan dènye lapli ki tonbe sou teritwa nasyonal la.

Dapre rapò ki prezante dimanch 4 jen 2023 la, kenz (15) moun pèdi lavi yo, uit (8) disparèt. Dapre Jerry Chandler, sèt mil katsan swasanndisenk (7475) fanmi yo afekte, mil de san diznèf (1219) kay ki inonde epi apeprè trèz mil twasan katrevendis (13,390) moun deplase.

Daprè Direktè Pwoteksyon Sivil la, depatman Lwès, Nippes, Sidès, Nò, Lwès ak Sant se pi afekte yo. Senkmil senksan dis (5510) fanmi yo afekte nan Depatman Lwès la epi plis pase de mil senksan ak trantnèf (2539) deplase.

Rachel Eustache

Article précédentAC Milan: Zlatan Ibrahimovic dit « au revoir au football » en mettant un terme à sa carrière à 41 ans
Article suivantJij Walther tande ansyen senatè Antonio Cheramy nan kad asasina ansyen prezidan Jovenel Moïse
Sure-Info est un media en ligne qui traite les informations de la société Haïtienne et à l'extérieur.

LAISSER UN COMMENTAIRE

S'il vous plaît entrez votre commentaire!
S'il vous plaît entrez votre nom ici