Getting your Trinity Audio player ready...

Gwo menas lanmò sou 2 jounalis kap travay pou » la voix l’Amérique »


Gen Yon jan polisye nan senmak ki rele Clifford Guy k’ap travay nan prizon sivil Senmak la ,Nan dat kite 17 Me 2023,jounal la site l kòm Moun ki ta menase 2 korespondan  » La voix l’Amérique » li ka detwi lavi yo.

Apre Yon interview 2 jounalis sa yo te reyalize avek Benson François ki se premye responsab nan tribinal premye enstans Sen Mak la,sou 4 Moun ki te pèdi lavi yo akoz yo te soufri maniltrisyon andan prison an.

Polisye sa te menase pou l bat e rale zam sou jounalis yo sou pretèks yo se bandi lefèk ke yo TAP pran kèk imaj prizon an nan moman antrevi a,Polisye a pat mete dlo nan bouch li pou l di « pa gen prizonye ki mouri se manti sou janalis yo ap fè ».

Selon enfomasyon,Polisye sa gen abitid anpeche Travayè laprès yo ranpli fonksyon yo nan tout libete,an novanb 2022 li te menase 7 jounalis nan Kad travay yo.

Fas a ansanm menas sa yo gen regwoupman jounalis (UJBA)  » Union des journalistes du Bas Artibonite » ki deja ap pran dispozisyon pou pote plent devan otorite Jidisyè pou tout swit legal.

Nou menm nan SURE-INFO nap atire atansyon tout Moun sou tout menas,zak baba kap fèt kont tout jounalis kelkeswa kote Yon jounalis twouvel sou latè depi l pa depase chan travay li,li sipoze egzesè fonksyon l swa enkyetid ak kè kase.

Article précédentNAP METE LOPINYON PIBLIK OKOURAN DE YON SIBTITI KOMISÈ NAN PAKÈ GONAYIV KI DESIDE FINI AK TI RÈS JISTIS KI RETE NAN SITE ENDEPANDANS LAN, PAKÈ GONAYIV SANBLE MALAD NAN TOUT KÒL.*
Article suivantYon Ansyen Minis ki ta enplike nan kidnapin ak lòt zak rive anba kòd Lapolis nasyonal Ayiti
President de sure-info.com et rédacteur en chef .

LAISSER UN COMMENTAIRE

S'il vous plaît entrez votre commentaire!
S'il vous plaît entrez votre nom ici