Getting your Trinity Audio player ready...

 

BWA KALE A,kontinye ap fè aktyalite nan tigwav Komisè polis la mande popilasyon an lè yo remake yon enkoni rantre nan vil la fè apèl ak PNH la.

Samedi Bellamy,ki se komisè polis nan tigwav fè Yon apel ak popilasyon an nan yon entèvyou Li tap bay ak laprès ayè jounen vandredi 12 me a,Nan okasyon sa Komisè a pa mete dlo nan bouch Li pou l mande popilasyon an chak fwa yo idantifye yon enkoni nan vil la,rele la polis,pou evite bay inosan »bwa kale « sou preteks li pa yon bon moun.

Selon komisè a,si Yon pitit komin nan ta pase plizye lane deyò li pat janm vini nan vil la,li tap bon avan li debake Al jwenn moun lakay Li pou l ta vin nan komisarya ki pi pre li a,yon fason pou ajan PNH yo kesyone l e pou evite l viktim parapò Ak fenomèn bwa kale kap monte anfòs andan sosyete nou an.

Yon lòt bò,Responsab polis Tigwav la ki tap reponn kèk kesyon jounalis lokal yo te pale konsènan sitwayen ki fè tatou,gwo cheve oubyen ki pata gen pyès tankou kat indantifikasyon nasyonal,li reponn konsa « Se pa paske yon moun tatoure,li gen gwo cheve,Li pa gen pyès idantifikasyon sou li,ki vle di otomatiknan moun sa a, pa ta Yon bon sitwayen ».

Swit a konferans sa, Komisè Polis la konte sou kolaborasyon popilasyon an pou enfome PNH la te tout enkoni ou sispèk yo wè nan tigwav Avan yo menm yo deside bay Bwa kale.

Redaksyon Sure-info

Article précédentJounen refleksyon onivo Ministè La sante ak responsab Asosyasyon enfimyè yo ayè vendredi 12 me 2023 sou tèm « Enfimyè yo se Avni ».
Article suivantNou aksepte pou desantralizasyon …?
President de sure-info.com et rédacteur en chef .

LAISSER UN COMMENTAIRE

S'il vous plaît entrez votre commentaire!
S'il vous plaît entrez votre nom ici