Getting your Trinity Audio player ready...

Joseph Robinette Biden fèt 20 Novanm 1942 nan vil Scranton nan Eta Pennsylvanie nan peyi Etazini. Li se pi gran nan yon fanmiy katolik ki gen orijin ilanndè ki gen 5 pitit.

 

A 26 lane, li diplome nan Dwa nan “université de Syracuse“. 4 lane aprè, li vin eli senatè nan eta Delaware kote li te vin yonn nan pi jèn senatè peyi Etazini konnen. Depi lè sa tou, li pa janm sispann senatè nan kongrè a jiska 2008 kote li te vin eli vis prezidan bò kote prezidan Demokrat la, Barack Obama, kote li pase 8 lane nan pòs sa.

Se pa pou premye fwa Biden te gen ide pou li prezidan Etazini. Dayè, li te vle prezante nan eleksyon pou pòs prezidan ki tap fèt Novanm 1988, lè sa li te gen 46 lane, li te oblije abandone kous eleksyon primè pou demokrat yo akoz kèk advèsè te estime li te kopye yon pati nan diskou konpay li sou yon lidè travayis Britanik ki rele Neil Kinnock epi maladi tou ki te koz li kite sèn politik la pou kèk tan.

20 lane aprè, li te deside kandida ankò pou prezidan kote li pat nan kous la ankò depi nan Janvye 2008. Akoz eksperyans li nan politik etranjè ak fason li pale san dlo nan bouch, Barack Obama te chwazi li kòm vis prezidan. Janvye 2009, li demisyone nan pòs senatè Delaware pou li prete sèman aprè 36 lane antanke senatè.

A 77 lane, se prezidan ki pi aje peyi tonton Sam nan pral konnen 20 Janvye kap vini la a aprè gran elektè yo fin vote ofisyèlman pou konnen kiyès k’ap met men sou bib la pou sèmante e pran tèt premye puisans nan mond lan. Vis prezidan ki eli ak li a se Kamala Harris, senatris Californie ki se premye fanm ki eli nan pòs sa. Se premye fwa yon prezidan Ameriken gen tout moun sa yo ki vote pou li.

Article précédentMauvaise nouvelle pour le Barça
Article suivantJOE BIDEN ÉLU 46ÈME PRÉSIDENT DES ÉTATS-UNIS
President de sure-info.com et rédacteur en chef .

LAISSER UN COMMENTAIRE

S'il vous plaît entrez votre commentaire!
S'il vous plaît entrez votre nom ici