Getting your Trinity Audio player ready...

Prezidan Jovenel Moïse fè envestiti 5 manm jounen Vandredi 30 Oktòb la ki genyen kòm pou travay sou dosye Chanjman konstitisyon 1987 la.

REDAKTÈ DELZY GÉLUS.

Chèf Leta Ayisyen an jovenel Moïse fè seremoni envestiti 5 manm ki fòme komite konsiltatif endepan ki genyen pou objektif travay sou Chanjman konstitisyon an peyi d’Ayiti, yon seremoni ki te de woule nan palè Nasyonal anprezans plizyè gwo otorite nan gouvènman an.

Nan entèvansyon premye sitwayen an Jovenel Moïse felisite ansanm pèsonaj sa yo ki chwazi mete men yo nan travay sila ,yon mannyè pou ede peyi d’Ayiti soti nan enpas difisil li trouve jounen jodia , sitou nan dosye konstitisyon 1987 la. Anpil moun te toujou ap made pou ta genyen yon bon travay ki pou fèt andan li. Nan sans sa Mesye Jovenel Moïse mande komite sila fè yon travay san fòs kote nan konstitisyon an yon fason ki kapab rantre nan enterè popilasyon an.

komite sila, ki kopoze de Ansyen Prezidan Boniface alexendre kòm Prezidan,Abraham Herard manm, Mona jean Manm , Louino pierre manm, e Jean Emmanuel Elois Manm. Lokatè palè Nasyonal la Jovenel Moïse fè konen travay sa pa fasil men avèk sipò e konpreyansyon chak grenn sitwayen Ayisyen li va rive posib pou peya a ka rive genyen yon nouvo konstitisyon jan pèp Ayisyen an te mande’l la.

Article précédentGabriel Burstein se non Youn nan moun ki pou ta vin pran tèt seleksyon Ayisyèn nan.ki gen nasyonalite
Article suivantLe RDNP informe que plus de 400 directeurs communaux et adjoints et des trésoriers ont été élus dans 9 des 10 départements du pays.
Sure-Info est un media en ligne qui traite les informations de la société Haïtienne et à l'extérieur.

LAISSER UN COMMENTAIRE

S'il vous plaît entrez votre commentaire!
S'il vous plaît entrez votre nom ici