Ayiti/Lamò nan kan bandi yo

Yo te tire yon swadizan bandi yè madi 6 jen 2023, nan yon lokalite nan Meyòt, yon katye ki sitiye nan komin Petyonvil.

Moun ki te tire endividi a te abiye ak inifòm Polis Nasyonal Ayiti. Zak sa a te lakòz anpil panik nan zòn nan. Moun ki t ap rantre lakay yo te oblije vire tounen.

Moun ki rete nan zòn nan,
yo menm,te oblije fèmen pòt yo, paske yo te pè reprezay nan men manm gang « Kraze Baryè » Vitelhomme Innocent ap dirije a.

Sous : Le filet info
Rachel Eustache

Article précédentAyiti/Masak nan Site Militè
Article suivant5 prizonye fè vwal pou peyi san chapo nan prizon sivil Tigwav la.
Sure-Info est un media en ligne qui traite les informations de la société Haïtienne et à l'extérieur.

LAISSER UN COMMENTAIRE

S'il vous plaît entrez votre commentaire!
S'il vous plaît entrez votre nom ici