Jounen refleksyon onivo Ministè La sante ak responsab Asosyasyon enfimyè yo ayè vendredi 12 me 2023 sou tèm « Enfimyè yo se Avni ».

Pou ane 2023,Se sou tèm@tik sa » Enfimyè yo se avni »,Ministè sante Piblik ak popilasyon an te selebre jounen entènasyonal enfimye ak pesonèl sante yo espesyalman enfimyè yo.

NAN gwo jounen Entenasyonal enfimyè yo, Ministè Sante Piblik ak popilasyon an dekonsè ak Asosyasyon Nasyonal Enfimyè Lisansye Dayiti, te Chita pou reyalize vandredi 12 Me 2023 a,yon kokenn jounen refleksyon sou valorizasyon, pwoteksyon envestisman ak respè travay enfimyè yo.

NAN refleksyon Ki tap fèt nan jounen sa,dirijan onivo ministè a ak reprezantan asosyasyon nasyonal enfimyè yo, te mete aksan sou enpotans ak nesesite ki genyen pou mete materyèl disponib ak lajan pou enfimyè yo ka fè travay yo.

Nan Pwopo responsab onivo ministè a,yo pwofite okasyon an pou enfome tout moun ke yo dwe gen respè pou enfimyè yo e Sekirite yon fason pou yo ka travay san enkyetid ak kè sote.

 

Sure-info

Article précédentPlusieurs guichets et boutiques incendiés au marché de rivière-bas de St-Louis du Nord
Article suivantBWA KALE A,kontinye ap fè aktyalite nan tigwav Komisè polis la mande popilasyon an lè yo remake yon enkoni rantre nan vil la fè apèl ak PNH la.
President de sure-info.com et rédacteur en chef .

LAISSER UN COMMENTAIRE

S'il vous plaît entrez votre commentaire!
S'il vous plaît entrez votre nom ici