DG Frantz Elbé rankontre Anbasadè Wen-Jiann Ku

Direktè Jeneral Polis Nasyonal Ayiti a, Mesye Frantz Elbé, rankontre Anbasadè Repiblik Lachin nan (Taiwan) an Ayiti, Mesye Wen-Jiann Ku, Mèkredi 12 Avril 2023 sa a.

Ranfòsman kapasite operasyon PNH la ak fòmasyon kontinyèl ak espesyalize pou lapolis pou lite efikasman kont krim òganize sou tout fòm li yo, te sou ajanda a.

Nan fen rankont sa a, Kòmandan an Chèf Frantz Elbé repete angajman PNH la pou l kontinye goumen ak gang ame pou kreye yon klima lapè favorab pou byennèt popilasyon ayisyen an.

Sure-info

Article précédentKoze lakay: Bien-Aimé Rivière youn nan moun ki te ede nan pwogrè ekonomik peyi Dayiti.
Article suivantAyiti ensekirite: yo atake yon lòf fwa lapolis Nan site solèy
Sure-Info est un media en ligne qui traite les informations de la société Haïtienne et à l'extérieur.

LAISSER UN COMMENTAIRE

S'il vous plaît entrez votre commentaire!
S'il vous plaît entrez votre nom ici