Yon atak ame te touye omwen 8 moun nan Les Verrettes e yo te kidnape 6 moun tou nan aswè 8 fevriye a, yon sous konfime staf editoryal nou an. Moun ame Savien yo te dèyè atak la, sous nou an di.

Verrettes, 9 fevriye 2023.- Depi asasina polisye nan Liancourt, sitiyasyon sekirite a vin deteryore pou sèten komin nan depatman Latibonit ki te deja kenbe yon sèten kalm.

Se sitou ka komin Verrettes ki te fè eksperyans yon aswè nwa yè Mèkredi.

Ak absans lapolis nan kèk komisarya nan depatman Latibonit, mesye Savien yo ki te gen nan men yo yon machin ki te fè pati lapolis egzekite pa mwens ke 8 moun epi kidnape 6 lòt.

Sa te rive nan Dodar ak anba lavil, dapre yon sous nan nivo komin.

Li ajoute ke mesye ame Savien yo te pwomèt yo retounen, Jedi sa a ki lakòz yon sitiyasyon panik.

Plizyè rezidan te deja kouri met deyò, enfòme sous nou an ki ap mande èd, mande lapolis pran mezi pou evite pi mal la.

Article précédentDans un point de presse la vision Haïtienne des Droits de l’homme (BHDH) invite le ministère de la justice et le CSPJ à évacuer les magistrats non certifiés de tribunaux , parquets et cours de la République d’Haïti
Article suivantLa Vision Haïtienne des Droits de lHomme (VHDH) se dit préoccuper aux : assassinats, massacres, enlèvements contre rançon, disparitions forcées et demande à lEtat haïtien de prendre au sérieux les engagements nationaux, régionaux et internationaux de protection des droits de lhomme.
Sure-Info est un media en ligne qui traite les informations de la société Haïtienne et à l'extérieur.

LAISSER UN COMMENTAIRE

S'il vous plaît entrez votre commentaire!
S'il vous plaît entrez votre nom ici