Nan depatman Latibonit, lapolis toujou gen yon gou anmè apre ekzekisyon manm gang Savien an 7 polisye mouri jou ki te 25 janvye. Pou retabli lespwa epi refè konfyans polisye a, yon delegasyon nan o kòmandman an ki te dirije pa enspektè jeneral Paul Thomas rive nan vil Gonayiv jedi 2 fevriye 2023 la. Delegasyon an te fikse objektif tou, daprè yon nòt ki soti nan enstitisyon lapolis la, vizite paran polisye yo epi renouvle angajman yo pou konbat gang ame yo. Pou kèk polisye, vizit sa a ta pi enpòtan si o kòmandman an te akonpaye ak mwayen lojistik, finansye ak teknolojik nesesè pou pèmèt ofisye yo fè fas ak gang ame yo.

Article précédentPwogram imanitè Joe Biden nan benefisyan yo pral jwenn 400dola Ameriken ak anpil lòt avantaj ankò
Article suivantPrivation de liberté des femmes au commissariat de Port-au-Prince :KRIFA tire la sonnette d’alarme
Sure-Info est un media en ligne qui traite les informations de la société Haïtienne et à l'extérieur.

LAISSER UN COMMENTAIRE

S'il vous plaît entrez votre commentaire!
S'il vous plaît entrez votre nom ici