18 novanm 1803 – 18 novanm 2022 : 219 lane , ak kiyès nap batay?

Otè: Carsendre Salomon

219lane depi milat,esklav dè chan, esklav a talan ,propriyetè,non proprietè te mete ansanm pou yo te fè vètyè,pou n te ka jwen endepandans nou.

Se gras ak batay sa nou te fè a ,ki ede anpil peyi nan amerik la ak lót jwen libète ,nou se premye pèp nwa endepandan,zansèt nou yo goumen pou sa,men jodi a pou kiyès nap batay?

Eske jodi a ou ka pale de batay de vètyè lè se PNUD, Nazyonzini ak Core Group ki nan sant tabilasyon yo,se yo ki gen kontwol eleksyon yo,c yo kap di w men kiyès yo vle,eske nou ka pale de batay de vètyè,pandan nou jwisè ki nan pouvwa yo te fè yon akò ak FMI ki di nou,nou pa gendwa fè diri nan peyi a.
Eske nou ka pale de vètyè,si nou paka remanbre agrikilti lakay,si majorite sa nap konsome se prodwi enpóte .pandan gen yon akò 1915 jwisè nou yo te siyen pou yo ka gen pouvwa yo pa janm elimine yo.

Eske jodi a nou ka pale de batatay de vètyè pandan nou paka mete yon premye minis,yon minis enteryè,yon minis finans,yon direktè dwàn,yon direktè DGI , se Core Group ki mete yo? Eske nou ka pale de batay de vètyè pandan menm jou konje lakay ou ,ou pa menm gen pouvwa pou deside sou yo se ba ou yo ba ou yo. Akó,trete,pak, kòd nwa yo siyen sou do peyi a,yo pa janm nan enterè peyi a,nan enterè nasyon an,kont kiyès nap batay? Eske nou ka pale de vètyè pandan konze yo kontinye ap siyen akó pou fós etranje souye sól nou an.

Eske nou ka pale de vètyè lè se batay pou dyòb nou nap fè,lè se batay pou pòch nou nap fè,lè se batay pou klan nou nap fè,lè se batay pou enterè mesken nou ,privilèj nou ak pouvwa nou nap fè?
Eske nou ka pale de vètyè
lè se batay pou lidèchip nou nap regle nan la ri a , Batay pou patwon nou ka negosye pote pou nou, batay pou pwoteje enterè patwon nou kap toupizi nou?

Eske nou ka pale de vètyè lè nou pap goumen youn pou lót men goumen youn ak lót pou patwon nou, pou enterè mesken nou?

Eske nou ka pale de vètyè
Nan batay manje do m nap fè laa, se pou l disparèt pou w parèt la? Manje do lót la lè l pa anfas ou, kou l anfas ou wap bal bel akolad.Eske nou ka pale de vètyè lè se sou san moun yo wap negosye póch ou, Ti dyób ou , privilèj ou? Eske nou ka pale de vètyè lè w nan pase pwojè bidon,chèk mó? Eske n ka pale de vètyè lè se katye kap goumen ak katye , lè se ti nèg tèt grenn kap goumen ak tinèg tèt grenn , lè nou youn ap manje lót pou moso pouvwa?

Eske nou ka pale de vètyè
lè desizyon wap pran yo pa gen Ayiti ladan yo, Pa gen byennèt kolektif ladan?
Eske nou ka pale de vètyè
Poutan w pa dakó pwojeniti w gen palmis la nan akdenesans li , Libèté, Egalité, Fratènité repiblik dayiti ekri nan dokiman l?
Di m de ki vètyè w vle pale m lè nou tout lague nan kouri pati pou n pa mouri
Al chèché lavi lót kote
tan pou nou kanpe goumen pou yon lót Ayiti? Nou menm bliye,si peyi nal refijye a se moun yo ki te kanpe goumen pou fè peyi a yo sa l ye jodi a, Si pitit li yo t kouri pati kite l li pat tap sal ye jodi a.

Ayiti tè espwa ak libète, eske nou ka pale de libèté
de vètyè pandan nou sou lód entènasyonal la se li kap koupe rache nan kó polis nou an ak lót bwat leta yo.

Si nou paka goumen pou byennèt kolektif, nou paka pale de vètyè. Vètyè se pa al depoze jèb flè, fè bel diskou, dekese lajan sou baz vètyè pou fè gagót. Eske ka pale de vètyè pandan nou pa gen kontwól fontyè nou yo, Ayopó nou yo , lanmè nou,
teritwa nou.

Carsendre Salomon, Fanm sitwayen angaje
18 novanm 2022

Article précédentZoom sur la selection d’Argentine avant Qatar 2022!
Article suivant« Le peuple Haitien doit se battre pour que L’imoortation Des produits pétroliers demeure un monopole de L’État Haitien »
Sure-Info est un media en ligne qui traite les informations de la société Haïtienne et à l'extérieur.

LAISSER UN COMMENTAIRE

S'il vous plaît entrez votre commentaire!
S'il vous plaît entrez votre nom ici