Getting your Trinity Audio player ready...

Jakmèl-Mobilizasyon : Yon lòt jounen Mobilizasyon anrejistre nan vil Jakmèl. Divès reskonsab òganizasyon nan depatman Sidès la reyini plizyè milye moun nan popilasyon an pou pwoteste kont lavi chè ak lòt kriz peyi dayiti ap konen espesyalman depatman Sidès la, avèk anpil dezespwa fèy bwa nan men yo yap mande gouvènman anplas la pou li pran responsabilitel si non yap foule beton an chak jou poulè yo deside tande kri yo nan depatman an.

Carsendre Salomon se non yon militant, yon aktivis politik nan depatman an kitap pale nan miko youn nan repòte ajans anliy Jounal Sure-Info. Kifè konen li remake tout byen leta yo privatize sitou nan depatman Sidès la, li tap site kèk nan enstitisyon leta yo li wè yo kenbe an otaj, Dwàn, APN, Waf Jakmèl la, Èpòt la, Plaj lasalinn yo vle fè antrepriz prive yo, Carsendre ale pilwen poul di menm pou livrezon gaz pou EDH nan depatman an se pale anpil sa ki konn fè popilasyon an kon fè 3-4 mwa san yo pa jwenn kouran.
Jèn fanm militant li lap batay kont movèz gouvènans leta a, se mwayen sa li ka kontribiye pou nou gen ayiti nou reve a.

Nap fini pou nou raplew jounen manifestasyon jounen mèkredi 31 dawout 2022 a konsa kòm bilan. Yon polisye blese ak kout boutèy, 5 jèn gason kitap manifeste maltrete e arete pa la polis, san nou pap bliye genyen yon ajan UDMO ki agrese moralman yon konfrè jounalis kise Christophe Noël kap travay pou radyo Métronome.

Dieunet Erantus

Article précédentLe Jour où les Haïtiens décideront de faire d’Haïti un pays comme les autres, nous pourrons sauver la Monnaie Nationale qui est la Gourde et elle sera la Seule Monnaie en circulation au pays, dans ce cas
Article suivantLorsque les Banques sont rentables et profitables, elles sont stables.
Sure-Info est un media en ligne qui traite les informations de la société Haïtienne et à l'extérieur.

LAISSER UN COMMENTAIRE

S'il vous plaît entrez votre commentaire!
S'il vous plaît entrez votre nom ici