Yo gen 21 lane ap sibi sa n te kite pou yo.
Sispann fè yo sa n ap fè yo a.

Jodi a m ap adrese m ak moun ki fèt avan 2000 yo, mw wè jounen jodi a ka p mennen yon vye kanpay pou denigre timoun 2000 yo. Kite m raple nou ke anpil timoun 2000 si m pa vle di tout nèt eritye nou e swiv tras nou. Pa bliye, edikasyon global timoun sa yo fèt atravè estrikti sosyalizasyon yo tankou : fanmi yo, lekòl yo, legliz yo, medya yo (Medya sosyal, medya tradisyonèl, televizyon… Eksetera). Koulya ou menm k ap kritike yo, poze tèt ou kesyon sa yo « kisa w fè pou se pat chemen sa yo pran ? Kisa lekòl jodi a fè pou yo pa konsa ? Kisa (legliz) fè pou yo pa konsa ? Ki valè nou vann yo sou entènèt, nan radyo ak televizyon nou yo? Kisa fanmi yo fè pou yo pa t konsa ? E kisa leta te pran kòm dispozisyon pou oryante yo? »

Aprè kesyonnman sa yo, mw swete w konprann ke timoun sa yo (timoun 2000 yo) pa ekstratèrès. Yo grandi e devlope ak sa milye a vann yo, (ak sa nou vann yo).

Tanpri sispann kanpay sa kont yo, pran responsabilite w pito.
Si w santi jenerasyon sa sou yon move pant, lap pi bon si w oryante yo olye ou kritike yo.

Ou menm tou k ap kritike yo a, m pa vle lage tout chaj la sou do w, paske si jenerasyon ki pase yo te oryante w ou pa t ap pran plezi kritike sa ki swiv tras ou, se wont ou t ap wont, ou t ap konprann ke w fayi ak misyon w, ou pat pran responsabilite w.

Timoun 2000 yo pa pi move jenerasyon ki genyen, jan nou vle vann yo a, e si se ta sa ou responsab tou. Gen anpi l sèvo ki fèt nan jenerasyon sila menm jan te gen sèvo nan jenerasyon pa w la, men ki ankadreman yo jwenn, ki ankadreman ou te jwenn ou menm tou???
Èske se pa nou menm ankò ki ofri yo e lage yo nan baz, gang, zam, rabòday, chawa, tisourit, kawach… Eksetera, menm jan yo ofri nou yo?

Timoun 2000 yo ap konte anpil nan fiti ou. Si jodi a ou pa ede yo grandi, ou pa oryante yo, ou pa woute sa k dewoute, se demen pa w tou ou ipoteke.

Jounen jodi a nou dwe konprann ke peyi a an jeneral malad, e se ansanm pou n geri l.
Ann mete men pou pita pa pi tris✊🏾✊🏾✊🏾.

Joseph John Sterley

josephjohnsterley92@gmail.com

+50948383025

Sponsors:Grâce à Boul’or x créer de la richesse, bénéficié 2℅ sur l’investissement en 10 jours et nourriture passée visiter Boul’or pour contact et réservation +509 3744-7949

Article précédentL’Argentine toujours invaincue, le Brésil pulvérise l’Uruguayen
Article suivantJournal leogane l’actualité à la une sous sure-info
Sure-Info est un media en ligne qui traite les informations de la société Haïtienne et à l'extérieur.

LAISSER UN COMMENTAIRE

S'il vous plaît entrez votre commentaire!
S'il vous plaît entrez votre nom ici