AYITI/POLITIK

Platfòm PITIT DESALIN denonse ak tout fòs li sila ki vle fè kwè pati a pral fe kongrè nan mwa janvye 2021 an

Ekri pa: Jeferson BAZILE

Platfòm pitit Desalin lan voye jete pye lwen tèks kap sikile sou tout rezososyal yo ki ta vle fè kwè pati a pral oganize kongrè nan mwa janvye kap vini la.

Dapre yon sous Sal nouvel SURE INFO a ka fè konfyans,Platfòm pitit Desalin lan dekonsè avek sekretè jeneral li Ansyen Senatè JEAN CHARLES MOÏSE voye jete byen lwen lide ki ta vle fè kwè platfom nan pral oganize kongrè pou komansman ane 2021 an,yo ale pi lwen pou di « Kelkeswa desizyon pati a ap pran Ansyen Senatè e aktyèl Sekretè Jeneral Pati a MOISE JEAN CHARLES ap bay yon pwen de près pou anonse l a gran popilasyon an ».

Dapre yon manb nan bòd kominikasyon pati a EXAMA WILIAM alyas EXAMA pitit Desalin ,Se yon ekip moun ki pa gen anyen pou wè avèk pati a kap fe Matrakaj politik e ki vle pran politik la tou denkou,nan non popilasyon ayisyèn nan,nan non tout patizan e senpatizan pati a Platfòm pitit Desalin lan denonse anons sila,Yo pap gad deyè yo prale Jiskobou.

Article précédentL’équipe révélation Personne ne doute que la grande révélation
Article suivantTop 10 des footballeurs les plus riches du monde
Sure-Info est un media en ligne qui traite les informations de la société Haïtienne et à l'extérieur.

LAISSER UN COMMENTAIRE

S'il vous plaît entrez votre commentaire!
S'il vous plaît entrez votre nom ici