Li te fè anviron 3h , nan aprè midi ,lè plizyè oganizasyon ak pati politik tankou( ayiti an aksyon/ AAA, pitit Dessaline, OPL, …) ta pral jwenn yon tèren antant, pou te bay yon konferans de presse, sou manifestasyon ki prevywa pou 18 novanm nan site endepandans lan.

Ekri pa ; Junior Pierre

Malgre anpil militan nan vil gonayiv ta genyen manda dèyè yo, sa pa anpeche plizyè ladan yo te chita sou tab, pou tap anonse seri manifetasyon ki prevwa pou demen 18 novan’m nan vil gonayiv, Raphaël C.Marado de ayiti an aksyon ak Mackendy Pierre Louis, de militan ki toujou nan tet manifestasyon yo, fe konnen. » Manifestasyon an ap rasanble nan kafou Tirèn gatwo, dekawo ak divès zon ank, yo fè konnen se pral yon rad mare nan vil tè sale a , e yap kontinye batay jis kaske yo jwenn sa yo bezyen an »

Yon lòt kote Mackendy P.Louis te envite nan emisyon GRAN TORYAN, te reponn ak kesyon jounalis Junior Pierre, de objektif mouvman sa a, trè kalm responsab mobilisasyon pitit Dessaline te reponn pou l di: objektif nou se retire prezidan Jovenel Moise sou pouvwa, li trete de yon chèf gang,kap kidnape moun nan peyi a, Mackendy avanse pou di, gouvenman mete plizyè delegan nan police National (PNH) la.Pou yo ka fè represyon sou moun kap manifeste nan peyi a, nouvo direktè polis gonayiv la pa epanye de pwopo ,kowodonatè fòs atibonit 2020 an ak responsab mobilizasyon pitit Dessaline Mackendi Pierre Louis.

Nap raple’w gen kèk jou manifestasyon pa fèt nan vil gonayiv pou kèk militan soti de men vid. Nan sans sa komisè gouvenman gonayiv ,Mèt Serard Gasius, di kelke swa moun ki soti ak zam nan manifestasyon sa a ,la police gen lód pou metrize moun sa a ,kondwil nan komisarya.

Article précédentLE FAUVE VERT ET NOIR REMPORTE LE « DERBY DE LA RÉCONCILIATION
Article suivantRÉFÉRENCES LÉGALES CONCERNANT LA NOMINATION DU « COMMANDANT EN CHEF DES FORCES DE POLICE
Sure-Info est un media en ligne qui traite les informations de la société Haïtienne et à l'extérieur.

LAISSER UN COMMENTAIRE

S'il vous plaît entrez votre commentaire!
S'il vous plaît entrez votre nom ici