Ekri pa Pierre Junior

Ansyen senatè depatman Nord la Moise Jean Charles te vizite vil Gonayiv,pou fete fèt mwason ak kolèg li nan premye legliz Batis nan ri Klèvo,dirije pa reveran pastè Bouyòl.

Ansyen kandida pou prezidan an Moïse,te konsilte plizyè otorite nan vil gonayiv,poul te anonse pandan pasaj li nan vil tè sale a,li tou pwofite fè yon ti pale ak popilasyon an.

3h00 sete lè kite kenbe pou fiti kandida pou pòs prezidansyèl la te pran la pawòl.Malgre tan an te demwazèl,sa pat anpeche plizyè santèn moun nan site endepandans lan te vin akeyi ansyen senatè Moïse Jean Charles,3h58 se te moman kè kase à yon rafal bal ta pral soti tou pré,gaye foul la pou Yon premye fwa,sa pat ebranle fanatik yo kite bezwen tande fiti kandida a.

4h08,Moise te toujou pako rive,se nan moman nou pral aprann te gen yon defile ki tap soti nan Nord vil Gonayiv zòn kafou basen.Nan menm lè a tout moun pral leve kouri yon lòt fwa,telman te gen gwo kout zam ki tap sone.

Jiskobou, jiskobou sete slogan fanatik ak senpatizan Moïse,kita pral potel sou tèt kèk santimèt ak estang lan pou délivré mesaj la »Moun Gonayiv men lidè nou an,nou pa pè nou pap janm pè,pitow se malere nou pa vòlè,n’ap batay jiskobou pou pwodwi nesesite yo desann,yo pral konnen sak pitit Dessaline nan,di Moise Jean Charles.

N’ap raplew se pa pou premye fwa ekip sure-info à patisipe nan Jan aktivite sa yo,ansyen senatè Moïse reyalize nan 4kwen peyi a,fò ta Di se kanpay li ki komanse…

Jude-Nelson Guerrier dit Micro des ondes jounalis/Redaktè an chèf

Article précédentCHAMPIONNAT NATIONAL D2 SURNOMMÉS D’ ASCENSION RÉSULTAT 8′ JOURNÉE
Article suivantLa Fédération haïtienne des sports Electroniques (FHE)
Sure-Info est un media en ligne qui traite les informations de la société Haïtienne et à l'extérieur.

LAISSER UN COMMENTAIRE

S'il vous plaît entrez votre commentaire!
S'il vous plaît entrez votre nom ici