Premye pati egzamen ofisyèl yo pou klas 9eme ane Fondamantal yo komanse dewoule jounen lendi 12 Oktòb 2020 an nan tout peyia.

Redaktè Delzy Gélus.

Nan lide pou mete fen nan Ane Akademik eskolè 2019_2020 an , Responsab yo ki nan tet Ministè Edikasyon Nasyonal ak profesyonel la fè konen genyen 215 055 Elèv ki kòmanse patisipe nan examen Leta yo , jounen lendi 12 Oktòb la.

Yon jounen egzamen ki te kòmanse avèk Matyè kominikasyon Fransèz nan maten, E ki fini ak Syans Eksperimantal nan aprèmidi.

Nan menm objektif sila genyen diferan Elèv nan plizyè Lekòl ,tankou Lise Toussaint, Lise jèn Fi , Lekol kay Nado poun site sa yo selman sal Redaksyon  » Sure-infos  » te abòde yon mannyè pou kapab rive konen kòman seri egzamen yo t’ap woule pou ansanm kandida sa yo.

Nan sans sa genyen Divès Elèv ki di  » yo komanse satisfè fas avèk premye jou egzamen yo ki pat tèlman konplike malgre te genyen anpil movè van ki t’ap soufle sou peyi d’Ayiti preske sout fòm e ki te bay gwo kè kase sepandan yo rive travèse ane Akademik sila .

Yon lòt bò Ansanm Elèv sila yo mande avèk tout moun ki gen pou patisipe nan korije fèy egzamen leta yo ane a, pou yo pran bonjan mezi yon fason pou yo kapab fè yon koreksyon san fòs kote ni zanmi tay nan kad travay y’ap ofri Sosyete Ayisyèn nan .

Article précédentChampyona jèn/Lig dè nasyon CFOSEG de twen vs Edas de tigwav
Article suivantLa déclaration de Eliader Dorlus au micro de sure-info après le match nul contre la Juventus
Sure-Info est un media en ligne qui traite les informations de la société Haïtienne et à l'extérieur.

LAISSER UN COMMENTAIRE

S'il vous plaît entrez votre commentaire!
S'il vous plaît entrez votre nom ici