Getting your Trinity Audio player ready...

Se vre ke nou pa mèt demen e ke nou pa kapab konnen si ap genyen ou pap genyen eleksyon an Janvye 2021 men, nou la e nap prepare nou.
Eske nou prè déjà?

Nou konnen ke, kòm teknisyen nan domèn politik administrasyon, nou deja prè, nou menm plis ke prè paske, nou ale Lekol politik e nou resevwa bon jan fomasyon nan FIU, yon inivèsite ki nan Florida, USA nan fakilte kote moun etidye politoloji.

Nou kandida pou depite Kay ak île à vache men se pa leve ke nou leve yon bon matin konsa pou nou di nou kandida.

Se vré ke nou gen lot posibilite pou nou ta fè lòt bagay pou zòn nou tankou fè biznis, komès ale achte vinn vann men, kite nou di nou ke se pa lanmou pou pèp nou pou nou transfòme kondisyon materyèl dexistans mizerabilis ke move depite, majistra ak senatè mete li, kinbe li ladann nan e ke, nou rive nan yon kafou kote nou wont pou nèg ki grandi ak nou, pwòp jenerasyon nou ki te konn jwe foutbòl, teke mab ak nou, nou jwenn ke lavi ya pa souri pou yo.

Nou vle pote pou yo yon lot kalité lavi pou pitit yo kapab gen yon lòt rèv, yon lot espwa ak yon lot demen.
Se pa favè men se yon dwa ke tout konpatriyot genyen pou gen yon lot demen.

Men premye rezon kandidati nou pou depite e okenn moun pap fè nou chanje oryantasyon nou.
Se remak sa ke nou te vle fè sitou pou moun ki poko janm konprann nou.
Moun ki vle pote vye kritik krab mazòrey tou sou nou.

Yon remak.
Selman sa.

Depite Josue Clermont
Kay Ilavach

Article précédentUne étudiante en C1 à l’Alliance Française des Cayes, a pris le devant sur les autres étudiants
Article suivantLe Don Bosco football club de Pétion ville est déjà présent dans la ville des cayes
Sure-Info est un media en ligne qui traite les informations de la société Haïtienne et à l'extérieur.

LAISSER UN COMMENTAIRE

S'il vous plaît entrez votre commentaire!
S'il vous plaît entrez votre nom ici