MOJERE
MOUVMAN JENES LA REVEYE
Adrés: Delmas 19,Rue A.killick
Tels:(509)4771 0822/39217031
_________
Le 05/10/2020

Nòt pou laprés
Mouvman Jenès la Reveye MOJERE ap salye tout près pale,ekri,televize,ak moun ki sou rezo sosyo yo avek pèp ayisyen an.

MOJERE se yon mouvman Politik Jenès la mete kanpe apre yo fin konstate peyi a kap depafini ak yon gwoup nèg peze souse PHTK,kote pi gran yo mete baboukèt nan bouch Jenès la, nou anba menas ak represyon nap sibi nan katye popilè yo.

MOJERE kondane zak malonèt Ajan USGPN fè kote yo asasinen yon jèn etidyan nan Lekòl Nòmal Siperyé, lachman asasine ak yon Bal nan kolòn vètebral li. Pandan li tap mande refòm ak entegrasyon nan lekòl leta yo.

MOJERE pwofite prezante kòdoleyans ak paran epi fanmi,ak zanmi defen an Gregory St Hilaire.

MOJERE konstate kèk tan ajan USGPN yo tranfòme an tonton makout nan peyi a yap asasinen epi maspinen etidyan ak pwofesè nan lekòl nòmal siperyè(ENS).

MOJERE ap denonse tout fòm masak kap fèt nan katye popilè yo, tankou MASAK LASALIN, MASAK BÈLÈ AK MASAK SITE SOLÈY, ELATRIYE.

MOJERE AP MANDE JISTIS POU BATONYE PÒTOPRENS-LAN MÈT MONFERRIER DORVAL, AK ETIDYAN GRÉGORY ST HILAIRE EPI SAMUL MUKAL.

MOJERE konstate depi G9 ak FANTOM 509 pran lari a pa gen gaz lakrimojèn, bal reyèl ak arestasyon, men depi se popilasyon-an ak etidyan yo ki leve kanpe polis restavèk la itilize gaz lakrimojèn,bal ak arestasyon pou yo.

MOJERE ap mande liberasyon pou pou tout prizonye politik yo prese prese.

MOJERE ap fè popilasyon-an konnen apredye jovenel Moïse ak gouvènman restavèk la ki pran lòd nan men madanm Simpson, madanm Lalime pou kenbe ansyen depite dèlma taba a Arnel Belizaire,ansyen kandida pou Delege Joanel Paul pou site soley, militan Job Fleuret Jean Pierre, militan Pierre killick ansyen kandida pou majistra Komin laGonâve ak tout lòt prizonye Politik yo.

MOJERE ap mande pou lajistis restavèk la wete manda rale mennen vini li mete dèyè sendikalis Mèt Josué Merilien ak militan atis Matyas Dan Dor elatiye.

MOJERE di li pa posib pou gen eleksyon nan yon peyi gangsterize tankou Ayiti

MOJERE ap apiye tout fòm pwotestasyon pou chavire chodyè koripsyon an, ki genyen chèf kwizin enkilpe jovenel Moïse.
Annou chache byennèt nou!

Peterson Adolphe
Sekretè Jeneral MOJERE.

Article précédent23 Milyon Goud Divize Ansyen Depite Cholzer Chancy ak Prophane Victor,
Article suivantSportifs kap fete jodi a:
Sure-Info est un media en ligne qui traite les informations de la société Haïtienne et à l'extérieur.

LAISSER UN COMMENTAIRE

S'il vous plaît entrez votre commentaire!
S'il vous plaît entrez votre nom ici