23 Milyon Goud Divize Ansyen Depite Cholzer Chancy ak Prophane Victor, Yonn nan Majistra Kominal Enterimè Gonayiv yo Demisyone Jodi a.
7 Jou Aprè Gouvènman Moïse/Jouthe la te fin fè yon don 23 Milyon Goud ak Mèri Gonayiv pou te kapab Aseni vil la (Ranmase Fatra nan vil la) e Peye Anplwaye Mèri Gonayiv yo 12 Mwa salè yo te dwe yo.

Ta Sanble Ansyen Depite Cholzer Chancy ta pran 12Milyon Goud nan lajan an, e Ansyen Depite Prophane Victor pran 6milyon Goud li bay Direktè Depatmantal TPTC a Blondo Odivin 5 Milyon Goud pou Kapab mete Materyèl TPTC yo a dispozisyon Mèri Gonayiv

Depi Aprè Blondo Odivin fin pran 5 Milyon Goud la, li di Majistra Kominal Gonayiv la. Pifò Materyèl DDA/TPTC yo Anpàn e lòt Materyèl yo nan komin Gwomòn
Se Sèlman 5 Milyon Goud nèg yo Kite Pou Konsèy Minisipal la, Sa ki Soulve gwo kolè bò kote Majistra Kominal Enterimè yo. Dr Nativita Carmelie Saint-Hillien Oblije Demisyone Jodi a
Paske 5 Milyon Goud Ki rete a, pap ka peye Anplwaye Mèri a ak netwaye vil la.

Nan 5 Milyon Goud la, Majistra Kominal la peye Anplwaye Mèri a 2 Mwa Salè. Pagen kòb ki rete pou Netwaye vil la

Article précédentAyiti/Politik Mèt Caleb Jean Baptiste nan Micro sure-info.
Article suivant
President de sure-info.com et rédacteur en chef .

LAISSER UN COMMENTAIRE

S'il vous plaît entrez votre commentaire!
S'il vous plaît entrez votre nom ici