Trè souvan lè nap brose nou remake san nan kim pat la ou byen lè nou leve matin nou remake bouch nou gen san.

Kisa ki Lakòz sa?
Se yon maladi ki rele jenjivit ki Lakòz,maladi sa rann jansiv yo vin anfle epi bay gwo doulè,yo vin tou rouj dèfwa li menm fè moun gen difikilte pou mastike, li menm konn fè bouch nou gen movèz odè.Maladi sa rivé se lè nou gen yon move ijyèn ak bouch epi dan nou sa vin fè yon pakèt kras(plaque dentaire) miltipliye nan bouch la kras sa yo pral vin Di avèk aktivite yon pakèt bakteri ki prezan nan bouch la,yo rele yo kalkè(Tartre dentaire) yo pral akimile si tou anba jansiv la,sa ki vin rann jansiv la agrese,l’ap bay san.Si maladis sa pa trete li kapab evolye pou baw yon maladi ki pi grav ke nou rele parodonit la atake si tou zo ki kenbe dan an sanble pi long(Dan louchèt) an reyalite dan an pa vin pi long se paske li vin pèdi tout sipòl rasin dan an vin ekspoze lè sa gen plis risk pou pedi dan an.

Dèfwa li atake tout dan oubyen yon pati nan dan yo.
Ki moun ki pi vilnerab ak maladi sa?

-Moun kap fimen ak bwè alkòl.
-Fanm ki ansent,fanm ki nan laj menopoz,Timoun kap fenk fome.
-Moun ki pa bon ijyèn ak bouch yo epi dan yo.
-Moun ki fè sik ak moun karans vitamin C.
-Gen kèk medikaman ki kapab pwofokel tou.Ki solisyon ki gen yen pou maladi sila?

Pi souvan se kalkè ki miltipliye anba jansiv la ki lakòz,si yon moun remake jansiv li ap senyen san rete lè lap brose si tou li dwe konsilte yon dantis avan sa vin pi grav dantis la ap pwosde ak yon detrataj(Retire kalkè kap agrese Jansiv la) epi yon sifasaj epi preskril medikaman ak ben de bouch pou rann jansiv la geri epi map konseyew sou ki pibon fason pou pran swen bouch ou ak danw pou maladi a pa retounen.

Ki prevansyon nou kapab fè pou maladi sa?

1-Se toujou brose bouch nou pou pi piti de fwa pa jou.
2-Itilize yon fil dantè netwaye fant dan yo.
3-Itilize yon ben de bouch sou rekòmandasyon yon dantis.
4-Toujou sonje vizite dantis nou pi piti de fwa nan yon ane.

Maladi jansiv konn lakòz moun fè enfeksyon nan kè,li konn lakòz fè stròk mezanmi pa neglije pran sante bouch nou paske si bouch nou pa ansante kò nou pap ansante.sure-info.com

Article précédentJULIAN ALAPHILIPPE CHAMPION DU MONDE, LES 5 PLUS BELLES VICTOIRES DE SA CARRIÈRE
Article suivantFoot-Ascension : L’ASL a gagné d’entrée !
Sure-Info est un media en ligne qui traite les informations de la société Haïtienne et à l'extérieur.

LAISSER UN COMMENTAIRE

S'il vous plaît entrez votre commentaire!
S'il vous plaît entrez votre nom ici