Getting your Trinity Audio player ready...

Douvan pawòl

Kreyòl ayisyen an gen anpil richès nan domèn rechèch syantifik lakoz manke rechèch oubyen yo pa fèt pou sosyete a. Kon sa, jwenn dokiman pou mennen etid sou egzistans mo povrete a nan kreyòl la pa t fasil menm si nou ka di, gras ak metodoloji nou te itilize a, nou te travay sou sijè a.

Metodoloji

Nan prensipal sous pawòl lokitè Ayisyen yo, tankou radyo, televizyon, mizik, alèkile, entènèt, nou te pran yon echantiyon nan chak, paske li te difisil pou nou ale verifye reyalite n ap tande dekri a sèlman sou tèren. Nonplis nou pa t ka verifye sou plan dyakwonik si mo a te egziste lontan lakoz manke dokiman ki kapab founi nou prèv kon sa.

Travay la

Pou travay sa te rive fèt, se limyè 2 teyori ki te pote n konkou ; teyori F. Saussure a (CLG, 1996) ki di valè yon mo se diferans li genyen devan lòt mo, sa vle di, se sa lòt mo pa ye a. Lòt teyori ki ede nou se teyori Iy Dejan (1996)( Yves Dejean) an ki di plis pase yon syèk kreyòl la genyen lwen franse ak lang Afrik yo, Ebyen kreyòl la gen atò yon evolisyon entèn ki pa pote mak kontak li genyen ak franse ( cf Dejean, 1999;p.102). Kon sa, nou te pran pridans pou nou pa konpare sinonimi kreyòl la ak pa franse a.
Jan nou te di l pi wo a, etid sa pa fèt sou tout peyi : li fèt nan yon rejyon nan peyi a. Men, jeneralite eleman nou rekeyi yo fè nou wè mo povrete a itilize anpil nan kreyòl la. Tankou mo dlo lè li itilize tankou yon adjektif, li tradui tout sa ki pa di, ki pa près. Pou mo sila, gen kèk moun ki itilize mo “Likid” men se sila yo ki al lekòl yo ki di koze kon sa. Men, se pa menm ka a ki prezante ak mo “povrete” a.

An n konsidere ti bout fraz pi ba a:
Yon asistans 125 misyon dola pou konbat lamizè ann Ayiti ( www. m.voanouvel.com). Lè nou li swit tèks la, nou rive konprann lè se mankman kòb, Ayisyen itilize mo “povrete” men lè se lòt mankman materyèl ak asistans, yo di “lamizè”. E, si n pousib li sou entènèt, Oxfam rive fè sou sit li a yon konparezon ant richès ak povrete.

Pou n ale pi lwen, tout moun nou te keksyóne yo te di yo pa konn yon lòt mo ki ranplase “povrete “ nan kreyòl ayisyen an. Sa ki fè, sou baz ipotèz Saussure la, ki di valè yon mo se sa lòt la pa ye a, nou di atò mo “povrete” a egziste nan kreyòl la paske lokitè natif yo itilize l epi se sèl li ki tradui reyalite pa gen kòb la ann Ayiti. Anplis tou, li pa tradui menm reyalite ak povrete franse a. Povrete kreyòl la gen yon sinonim ki se lamizè ki tradui lè povrete a rèd anpil, lè li rive nan dènye nivo mankman yo ki touche tout domèn.

Reyalite pè mo povrete – lamizè a yo egziste nan plizyè lòt pè mo ankò, tankou: Fatra – dechè; krache – saliv; tou – fos

Nou pa ka di mo “povrete” a egziste nan tout ti kwen sou sou tè peyi d Ayiti, men, sa nou sèten, egzistans li nan mas pèp aktif la ki pi pwòch kapital la, ba li yon notoryete ki fè nou wè mo povrete a egziste nan kreyòl ayisyen an.

Se pa sèlman nan bouch save yo mo povrete a egziste, paske menm nan bouch sòyèt yo mo a konn chape tou. Genyen ki te menm rive di nou povrete se lamizè: se sa k fè nou wè yo konn tou de mo yo, men yo itilize yo chak nan plas pa yo, nan sans ki pou yo chak la. Menm si travay la gen anpil fay ki ta la epi li manke egzostif, tout syantifik ka konsidere l tankou yon mak kòmansman pou yon travay syantifik ki pi fon nan lasyans Lang ak moun.

Jean Junior TIRIN Journaliste – sure-info.com

Article précédentLe bilan de l’écrasement grimpe à 26 morts, panne d’un moteur évoquée
Article suivantFrantz Jules Avoka pou liberasyon Prizonye Politik.
Sure-Info est un media en ligne qui traite les informations de la société Haïtienne et à l'extérieur.

LAISSER UN COMMENTAIRE

S'il vous plaît entrez votre commentaire!
S'il vous plaît entrez votre nom ici