Pa janm chwazi yon Avoka (konseye jiridik) pa chans !

Pa janm chwazi yon Avoka (konseye jiridik) pa chans !

Si ou antame yon pwosedi sans yon Avoka epi bagay yo vin konplike, ou gen dwa pou ou remèt dosye a ba yon Avoka.

Si ou pa konnen okenn Avoka pale avèk yon Zanmiw nan sans sa.
Toujou mande yon ide de kòb (onorè) ke li mandew la ak frè siplemantè li ka mandew.
Anprensip ou lib pou ou chwazi Avoka ou.
Gen kèk ka, se pa toujou sa ki fèt. Nan ka kote yon enfraksyon komèt pa yon endividi, se komisè kouvènman kap mande aplikasyon pèn yo nan non sosyete a. Ou menm, pou domaj ak enterè ou lib pou ou chwazi Avoka ou.

Litij pou sa ki konsène sekirite sosyal kote se sendika ou ki chaje pou sa. Se sendika kap dezinye yon mandatè.

Si Avoka ou pa ba ou satisfaksyon, ou gen dwa pou ou chajel nenpòt moman. Sa pa vle di ou pap dedomajel pou travay li fè a.

Men, atansyon : transfè sa ka antrene anpil difikilte (egzanp sa ki *konsène onorè ou kòb Avoka a) ak tan kap pèdi. Si gen lòt pwoblèm grav ki parèt, wap adrese ou avèk batonye òd Avoka yo nan jiridiksyon an.

**_Pa ezite kontakte mwen si ou gen yon pwoblèm ou vle pran wout lajistis.
Pou konsèy epi pou akonpayman jiridik._*

Me Gérard NOËL defensè konsomatè yo .

Article précédentDes recommandations faites aux autorités…
Article suivantHaïti-crise : Des membres du cabinet de l’ancien president Jovenel Moïse confisquent des matériels de l’État
Sure-Info est un media en ligne qui traite les informations de la société Haïtienne et à l'extérieur.

LAISSER UN COMMENTAIRE

S'il vous plaît entrez votre commentaire!
S'il vous plaît entrez votre nom ici