Aprè ane denye vil gonayiv, pat gen chans fete, akoz de pwoblèm peyi, pa gen twòp diferans pou ane sa.

Ekri pa; Junior Pierre, journaliste

Saint Charles Borromée se fèt patwonal moun gonayiv, se chouchou moun kap viv nan site endepandans peyi a.Moun gonayiv toujou fete fèt sa yon fason diferan ak lòt zòn yo. Devan kay moun toujou byen pwòp, chak moun netwaye katye’w .
La mèri bokote pal konn fè tout jefò pou fè moun nan vil la santi pral gen yon fèt tout bon vre.Anpil koulè, aktivite kiltire’l tout kote, nan tout kwen ou pase ou jwenn RaRa san pwoblèm pou pran ti plezi’w, moun ki paka deplase ret lakay yo ap gade sakap pase sou televizyon .

Jou ale, jou pa tounen, tout bon ,yon Saint Charles diferan ane sa, pa gen pyès koulè ni gwo aktivite kiltirel sinon youn ou de grenn bann RaRa san inifòm ak degrenn piston kap fè malad ou amoure RaRa yo gaye pay, yon festival ki pwograme pou 04 novanm, spòt, meni aktivite yo, tout preparasyon fèt depi potoprens selon konsta anpil moun fè nan vil la.

« Yon vil envivab, nou pa konn depi kilè nou wè limyè, vil la sal sal tankou se kote zannimo abite ,mèri a abandone, nou paka vann ti san genyen, pou prepare rantre lekol timoun yo ,se Saint Charles ki konn anonse nou janvye, vil la pa gen pyè otorite, yo tout yo dèyè pouvwa,men nap pare pou yo nan eleksyon » se pawol plizyè endividi ekip sure info a te rive fè ti pale ak yo.

Malgre sipò mèri delma (Wilson Jeudy ) ki debake ak tout ekip yo, pou rann vil tè sale a taka gen yon lòt vizaj pandan moman fèt la, se vrèman pa ase, paske fatra fleri nan vil sa a pi mal ke djondjon ,ki donk se cheval batay otorite nan vil la pou fè politik yo, yon setiyasyon pyès moun pa konn kote lap rive…

Nap raple’w prezidan repiblik lan Jovenel Moise fenk sot nome , 3 nouvo moun pa enterim ki pral administre vil la aprè demisyon ansyen majistra pou yon ti bout tan an.

Article précédentFoot D1: Relasyon Eliphène Cadet ak Racing football club kaba.
Article suivantFiche technique de Paxon Jean:
Sure-Info est un media en ligne qui traite les informations de la société Haïtienne et à l'extérieur.

LAISSER UN COMMENTAIRE

S'il vous plaît entrez votre commentaire!
S'il vous plaît entrez votre nom ici